
đ 3 JOU DIGITAL AFFILIATE WORKSHOP
Ou gen yon òf pou vann, men ou pa konnen kijan pou w fè moun enterese achte l?
Oswa ou vle kòmanse fè lajan ak Affiliate Marketing, men ou poko konnen ki kote pou w kòmanse?
Petèt ou deja gen yon pwodwi, yon lyen afilyasyon, oswa ou enskri nan yon pwogram ki peye komisyonâŚ
Men chak jou, ou poste, ou pataje lyen, ou pale de opòtinite a, epi ou toujou ap mande tèt ou:
Poukisa moun ap gade kontni m, men yo pa achte?
Kijan pou m konnen si pwodwi m ap fè pwomosyon pou li a bon pou odyans mwen?
Kijan pou m fè moun enterese san m pa toujou ap di yo achte?
Kisa moun ki rive fè lavant yo konprann ke mwen poko konprann?
Men yon bagay ou bezwen konnen: Gen yon pwodwi pou vann epi konnen kijan pou w vann li se 2 bagay diferan!
Epi se egzakteman diferans sa a nou pral travay sou li pandan 3 jou workshop sa a.
đĽ PWOBLĂM NAN PA TOUJOU PWODWI W AP VANN NANâŚ
Ou ka gen yon bon òf, yon bon komisyon, menm yon bon paj Instagram.
Men si moun yo pa konprann poukisa yo bezwen pwodwi w ap prezante a, yo ka kontinye gade kontni w san yo pa pran aksyon.
Moun pa achte sèlman paske ou mete yon lyen devan yo. Yo bezwen konprann pwoblèm pwodwi a rezoud, valè li genyen, epi poukisa li ka itil yo.
Se la estrateji antre!
Mwen kreye 3 JOU DIGITAL AFFILIATE WORKSHOP sa a pou ede w konprann kijan pou w chwazi, pozisyone epi fè pwomosyon pou yon òf yon fason ki pi natirèl ak estratejik.
Kit ou se debutan, kit ou deja ap fè Affiliate Marketing, workshop sa a ap ede w travay sou fondasyon ki ka fè yon diferans nan fason ou vann.
đŻ SA NOU PRAL TRAVAY SOU LI PANDAN 3 JOU YO
đ JOU 1 â KONPRANN BIZNIS LA AVAN W CHĂCHE LAVANT
Poukisa Digital Affiliate Marketing, epi kijan li vrèman fonksyone?
â Konprann modèl biznis Affiliate Marketing lan.
â Dekouvri poukisa li ka yon opòtinite pou devlope yon lòt sous revni.
â Konprann relasyon ant pwodwi, kliyan, kontni ak komisyon.
â Idantifye sa ki ka anpeche w avanse, menm lè ou deja gen yon òf.
đ JOU 2 â CHWAZI YON ĂF MOUN OU YO GEN REZON POU YO ACHTE
Paske yon gwo komisyon pa vle di yon pwodwi fasil pou vann!
â Sou ki baz pou w chwazi yon bon pwodwi.
â Kijan pou w idantifye bezwen ak pwoblèm kliyan ideyal ou.
â Kijan pou w evalye yon òf anvan w kòmanse fè pwomosyon pou li.
â Kijan pou w pi byen pozisyone yon pwodwi ou deja ap vann.
đ JOU 3 â APRANN FĂ PWOMOSYON SAN W PA SANBLE AP SIPLIYE MOUN ACHTE
Ou pa bezwen pase tout jounen ap di moun: âKlike sou lyen mwen!â
â Kijan pou w prezante yon òf natirèlman.
â Kijan pou w itilize storytelling pou fè odyans ou konekte ak mesaj ou.
â Kijan pou w kreye kontni ki fè moun konprann valè pwodwi w la.
â Kijan pou w itilize prensip sikoloji lavant pou kominike pi byen ak kliyan potansyèl yo.
â Kijan pou w fè yon CTA ki klè, ki ankouraje moun pran pwochen etap la.
đĄ IMAJINE SAâŚ
Olye ou leve chak maten ap mande tèt ou kisa pou w posteâŚ
Ou kòmanse konprann ki moun w ap pale ak li, ki pwoblèm òf ou a rezoud, epi ki mesaj ki ka fè moun enterese.
Olye w ap pataje lyen san okenn estratejiâŚ
Ou aprann kijan pou w bati konfyans, eksplike valè òf ou, epi envite moun achte san presyon.
Se kalite klète ak konpetans sa yo mwen vle ede w devlope pandan 3 jou sa yo.
đ WORKSHOP SA A SE POU OU SIâŚ
âď¸ Ou poko gen pwodwi, men ou vle antre nan Digital Affiliate Marketing.
âď¸ Ou deja gen yon òf oswa yon lyen afilyasyon, men ou gen difikilte pou fè lavant.
âď¸ Ou poste regilyèman men ou pa konnen kijan pou w transfòme enterè moun an opòtinite lavant.
âď¸ Ou gen followers, men ou pa konnen kijan pou w prezante pwodwi w yo.
âď¸ Ou fatige ap kopye estrateji lòt moun san w pa konprann poukisa yo mache.
âď¸ Ou vle aprann vann ak plis konfyans, san w pa oblije fòse moun.
đĽ 3 JOU LIVE AVĂ M SOU ZOOM!
đď¸ 3 jou fòmasyon pratik
đ 7:00 PM chak swa
đť LIVE sou Zoom
đź Anrejistreman sesyon yo ap disponib pou ou.
đ° Envestisman w: $50 sèlman
đ° KONBYEN SA KOUTE POU W KONTINYE AP FĂ MENM ERĂ YO?
Chak fwa ou fè pwomosyon pou yon pwodwi san w pa konprann kliyan w, ou ka ap pase tan ap kreye kontni ki pa pote rezilta ou espere yo.
Ou pa bezwen yon lòt lyen pou pataje san direksyon.
Ou bezwen konprann kijan Affiliate Marketing fonksyone, pou kiyès òf ou a ye, epi kijan pou w fè pwomosyon pou li.
Se pa yon pwomès pou w fè yon kantite lajan nan 3 jou.
Se yon opòtinite pou w envesti nan konpetans ou, amelyore fason w ap kominike, epi bati yon fondasyon ki ka sèvi w pandan lontan.
đĽ KESYON AN SE: ĂSKE W PARE POU W SISPANN DEVINE E KĂMANSE APRANN ESTRATEJI A?
Pou $50, ou jwenn aksè ak 3 sesyon LIVE sou Zoom ansanm ak anrejistreman yo.
Kit ou gen yon òf deja, kit w ap chèche premye òf ou, ou ka kòmanse aprann kijan pou w fè Affiliate Marketing ak plis estrateji.
đ WI! MWEN VLE REZĂVE PLAS MWEN â $50
Pa jis gen yon pwodwi pou vann. Aprann kijan pou w fè moun konprann poukisa pwodwi sa a gen valè.
Enskripsyon: $50 | 3 jou LIVE | 7 PM | Replay enkli
Nòt: Fòmasyon sa a se yon envestisman nan edikasyon. Pa gen okenn lavant, komisyon oswa revni ki garanti. Rezilta depann de anpil faktè, tankou òf la, mache a, estrateji ak travay chak patisipan.