
Sa a se yon sèvis dijital.
Lè ou achte sèvis sa a, sa vle di ou aksepte Policy Sèvis Website ki anba a.
– Tout peman pa ranbousab
– Travay la kòmanse sèlman apre peman fèt
– Revizyon yo limite
– Platfòm ak fonksyon yo depann de pakè ou chwazi a
– Nenpòt demann anplis ka gen frè siplemantè
Tout travay kòmanse sèlman apre peman fin fèt.
Peman yo pa ranbousab (non-refundable), paske se yon sèvis dijital.
Peman kouvri tan, konpetans, ak kreyasyon kontni.
Delè travay la depann de:
rapidite kliyan an pou voye enfòmasyon
konpleksite pwojè a
Si kliyan an pa reponn oswa pa voye materyèl yo alè, delè a ka pwolonje san penalite.
Kominikasyon fèt via WhatsApp / Email.
Chak pwojè gen 1 a 2 revizyon gratis (selon pake a).
Nenpòt chanjman anplis revizyon ki enkli yo ap gen frè adisyonèl.
Chanjman ki depase deskripsyon sèvis la konsidere kòm nouvo travay.
Sèvis website yo ka enkli (selon pake chwazi a):
Design website
Custom layout & branding
Ajout paj (About, Products, Contact, etc.)
Bouton WhatsApp / DM
Payment link (PayPal / Stripe)
SEO basic
Tutorial pou kliyan an
📌 Tout sa ki pa mansyone klèman nan pake a pa enkli otomatikman.
Hosting mensuel
Nom de domaine (domain)
Shopify subscription
Apps payantes
Gestion stock & livraison
Customer service
Publicité payante
Developman kòd avanse
👉 Sa yo disponib sou demann ak frè adisyonèl.
Kliyan an responsab pou:
kreye kont PayPal / Stripe / WhatsApp
verifye kont yo
Mwen pa responsab pou:
refi peman
blokaj kont
règleman platform yo
Apre peman konplè, kliyan an vin pwopriyetè website la.
Mwen gen dwa:
montre travay la kòm portfolio
itilize li kòm reference, sof si kliyan an mande eksepsyon alekri.
Scaling (ajout fonctionnalités, automatisation, modifications majeures) pa enkli nan pri inisyal la.
Tout maintenance oswa upgrade se nouvo sèvis.
Mwen pa responsab pou:
rezilta lavant yo
revenus kliyan an
itilizasyon website la apre livrezon
Website la se yon outil, rezilta depann de estrateji kliyan an.
Lè kliyan an fè peman, li aksepte tout kondisyon policy sa yo san eksepsyon.