
Yon SAFE lotion se pa jis engredyan ou melanje ansanm.
Lè w ap fè yon krèm pou po, ou dwe konnen sa w ap kreye, poukisa w ap kreye l, pou ki moun li fèt, epi kijan pou w devlope fòmil la avèk metòd.
Nan klas Body Lotion Gaisha Formula a, m ap montre w kijan pou w poze 6 kestyon sa yo anvan ou kòmanse:
WHAT: Ki kalite lotion mwen vle kreye?
WHY: Ki objektif kosmetik lotion sa a?
WHO: Pou ki moun li fèt?
WHAT WITH: Ki engredyan ki sèvi objektif sa a, e ki wòl yo chak?
HOW MUCH: Ki pousantaj mwen dwe itilize?
HOW & WHEN: Kijan pou m òganize faz yo, fè emilsyon an, ajoute engredyan yo nan bon moman, mezire pH epi teste lotion an?
Paske yon lotion ka parèt bèl premye jou a, men sa pa sifi pou montre fòmil la estab. Se poutèt sa mwen vle ou aprann konprann emilsyon, prezèvasyon, pH ak tès estabilite, olye ou sèlman suiv yon resèt.
Klas la disponib kounye a. Ou gen 30 jou aksè pou aprann avèk videyo ak dokiman plis 2 pratik avè m LIVE SOU ZOOM. NAN KLAS SAA SE PA JUS VIDEO AK PDF WAP GEN, MW AP LA POU GIDEW PANDAN TOUT 1 MWA.
Sèlman 7 plas disponib pou premye mwa a. Ekri BODY LOTION pou jwenn enfòmasyon pou enskri.
