
Ou leve, ou ale travay, ou pase plizyè èdtan ap travay di, ou touche paycheck ou… men kèk jou apre, ou deja ap tann pwochen an.
Ou ta renmen gen plis lajan pou ekonomize, envesti, ede fanmi ou oswa senpleman viv ak mwens presyon finansyè.
Men, ou pa ka jis kite travay ou pou al pran risk nan yon biznis ou poko konnen kijan pou w jere.
E si ou te kapab kòmanse genyen yon lòt sous revni sou entènèt la pandan w ap kontinye travay ou?
Se egzakteman sa m ap montre w pandan 3 Jou Masterclass AI + Pwodwi Dijital la.
M ap gide w etap pa etap pou w dekouvri kijan pou itilize entèlijans atifisyèl (AI) ak zouti dijital yo pou kreye yon pwodwi dijital, mete l sou entènèt epi kòmanse fè lavant.
🎯 Men sa w ap aprann pandan 3 jou yo:
JOU 1 — Jwenn yon ide biznis ki gen potansyèl
Kijan pou chwazi yon nich ki gen kliyan potansyèl.
Kijan pou itilize ChatGPT pou jwenn ide pwodwi dijital.
Kijan pou idantifye pwoblèm moun bezwen solisyon pou yo.
JOU 2 — Kreye pwodwi ou epi prepare l pou vann
Kijan pou itilize Claude pou kreye yon ebook, gid oswa lòt pwodwi dijital.
Kijan pou prepare pwodwi ou pou vann.
Kijan pou kreye yon store sou entènèt pou prezante pwodwi ou bay kliyan potansyèl.
JOU 3 — Aprann kijan pou atire kliyan
Kijan pou kreye yon kont TikTok ki reprezante biznis ou.
Kijan pou jwenn ide videyo ki ka atire kliyan potansyèl.
Kijan pou kreye epi pataje kontni ak Ai pou fè moun dekouvri pwodwi ou.
👥 Èske Masterclass sa a fèt pou ou?
Wi, si:
Ou gen yon travay 9–5, men ou ta renmen gen yon lòt sous revni.
Ou bouke depann de yon sèl paycheck pou kouvri tout depans ou.
Ou ta renmen kòmanse yon biznis sou entènèt, men ou pa konn ki premye etap pou w pran.
Ou pa gen eksperyans nan teknoloji oswa biznis dijital.
Ou gen anviwon 1–2 èdtan pa jou ou ta renmen itilize pou konstwi yon pwojè pa w.
Ou vle aprann yon konpetans ou kapab devlope pandan w ap kontinye travay.
Ou pa bezwen kite travay ou. Ou pa bezwen gen yon gwo eksperyans nan biznis. Ou bezwen aprann kijan sistèm nan fonksyone epi kòmanse aplike.
🎁 Kisa ou pral jwenn?
Lè w enskri, w ap jwenn:
✅ 3 jou fòmasyon pratik ak demonstrasyon.
✅ Yon metòd etap pa etap pou kòmanse biznis pwodwi dijital ou a.
✅ Aprantisaj sou ChatGPT, Claude ak lòt zouti AI.
✅ Gid pou chwazi nich ou epi jwenn ide pwodwi.
✅ Aprantisaj sou kijan pou kreye pwodwi dijital ak mete yo sou entènèt.
✅ Yon baz pou kòmanse devlope prezans ou sou TikTok epi atire kliyan potansyèl.
💡 Imajine kote ou kapab rive lè ou deside kòmanse!
Olye pou w pase tout tan lib ou ap gade videyo sou kijan pou fè lajan sou entènèt la, ou kòmanse itilize tan sa a pou konstwi yon pwojè pa w.
Ou gen yon nich ou chwazi.
Ou gen yon pwodwi dijital ou kreye.
Ou gen yon store kote moun kapab dekouvri pwodwi ou.
Ou gen yon estrateji kontni pou atire kliyan potansyèl.
Sa pa vle di ou pral vin rich nan 3 jou oswa ou pral kòmanse fè lajan imedyatman. Men, ou pral gen yon pi bon konpreyansyon sou modèl biznis la ak yon fondasyon konkrè pou kòmanse.
Objektif nou se ede w pase soti nan senp lide pou rive nan premye etap aplikasyon yon biznis dijital.
Ou pa oblije abandone travay ou pou w kòmanse konstwi yon avni finansyè ki gen plis posiblite.
Pandan w ap kontinye touche paycheck ou, ou kapab kòmanse aprann, kreye epi devlope yon lòt sous revni sou entènèt la.
Vin patisipe nan 3 Jou Masterclass AI + Pwodwi Dijital la epi aprann kijan pou w kreye premye pwodwi dijital ou!
Pa tann ou gen plis tan, plis eksperyans oswa plis konesans. Kòmanse ak sa ou genyen, aprann etap yo epi mete yo an aplikasyon.